Senk loreya ki pral resevwa $80 milyon pou fè mouvman ekite rasyal nan mond lan pwogrese

KONTAK MEDYA:
Javon Dobbs, responsab kominikasyon, W.K Kellogg Foundation
communications@wkkf.org
269.969.2019

Alex Bryden, vis prezidan, Porter Novelli
alexander.bryden@porternovelli.com
908.400.7056

Battle Creek, MI, 11 Oktòb 2022 – Jodi a, W.K. Kellogg Foundation (WKKF) te anonse senk loreya pou defi Ekite Rasyal 2030 li an, ki se yon apèl piblik pou jwenn solisyon odasye pou asire yon avni ekitab pou timoun yo, fanmi yo ak kominote yo nan tout mond lan. Pandan uit pwochen lane yo, WKKF pral kontribiye yon total $80 milyon pou ede konsevwa ak adapte lide reyalizab pou chanjman transfòmatif nan sistèm ak enstitisyon k ap sipòte inekite rasyal yo.  

“Travay odasye ke chak loreya yo pwopoze ban mwen anpil espwa ke ansanm nou ka atake rasin inekite ki nan kominote nou yo epi konstwi yon avni kote tout timoun ka pwospere,” dapre sa La June Montgomery Tabron, prezidan direktè jeneral WKKF, te di. “Men chanjman sa a pa ka rive toutotan nou pa aji, e mwen kwè ke nou dwe aji kounye a. Mwen kontan anpil pou m kolabore ak ekip sa yo pou atake koze rasism nan kominote pa yo epi sipòte chanjman sistemik nan mond nou an.”  

Nou te anonse defi sa a an 2020 pandan 90yèm anivèsè W.K. Kellogg Foundation e nou te resevwa 1,453 soumisyon ki soti nan 72 peyi. An septanm 2021, Fondasyon Kellogg te anonse 10 premye finalis pou defi a, chak ladan yo te resevwa yon sibvansyon $1 milyon pou planifikasyon ak nèf mwa èd pou ranfòsman kapasite, ki enkli konsèy nan men Dalberg Group, pou apwofondi pwojè yo a ak ranfòse mizannèv yo.  

Senk loreya yo te anonse jodi a y ap fè pwogrè nan ekite rasyal la avèk apwòch ki inik – soti nan transfòmasyon sistèm edikatif pou rive nan gerizon kominote yo ak nan otonomizasyon popilasyon Endijèn ki majinalize istorikman yo.  

Loreya yo se:  

  • Pwojè SETA a: Sistèm Edikasyon Transfòmatif Anti Rasis nan peyi Brezil: Nan peyi Brezil, kote ke pifò popilasyon an idantifye kòm Nwa oswa ras melanje, rasis sistemik la pèsiste. Yon kowalisyon òganizasyon rete kwè ke pandan lekòl yo ap perenize pwoblèm nan, yo ka dirije l pou eradikasyon l tou. ActionAid, ki se Kanpay Nasyonal sou Dwa pou Edikasyon Brezilyen (Brazilian National Campaign on the Right to Education), CONAQ, UneAFRO Brasil, Geledés, Makira-E'ta ak Ação Educativa pral travay ansanm pou transfòme rezo lekòl piblik Brezilyen an pou fè l tounen premye sistèm edikasyon anti-rasis mondyal la, kote l ap eksplwate jèn yo, edikasyon ak mouvman Nwa yo, epi deklanche yon pwosesis gerizon nasyonal. Sou plan entènasyonal, ActionAid ak Sant pou Rechèch Entènasyonal ak Konparatif nan Edikasyon Inivèsite Bristol (University of Bristol’s Centre for Comparative and International Research in Education) pral mobilize yon rezo mondyal epi pwomouvwa ekite rasyal kòm yon priyorite nan edikasyon mondyal la.

  • Gerizon Atravè Jistis: Yon Estrateji Avanse ke Kominote yo Dirije pou Kominote ki Santre sou Gerizon yo nan Illinois, U.S.A.: Pou anpil jèn Nwa ak Bren nan Chicago, rasism sistemik la gen yon enpak ki pwofon sou sante mantal yo, ak sou byennèt kominote yo tou. Communities United ansanm ak lopital pou Ann & Robert H. Lurie Children’s Hospital nan Chicago a pral pèmèt mete anplas “Gerizon Atravè Jistis,” yon mouvman ke se jèn k ap dirije l pou gerizon kominotè atravè angajman kominotè, fòmasyon sou lidèchip ak mobilizasyon epi devlòpman estrateji pou chanjman nan sistèm sante yo. 

  • Inisyativ pou Tè Endijèn yo: Garanti Dwa Pwopriyete Fonsye pou Kominote Endijèn yo nan Meksik ak nan Amerik Santral ak Amerik Disid: Kapasite pèp Endijèn yo pou itilize akpwoteje teren yo ki anba menas nan tout Amerik la, akoz zak danjere ak ilegal kolon yo, minè yo, trafikan dwòg ak enterè komèsyal yo, avèk tou echèk gouvènman yo pou pwoteje dwa yo. Indian Law Resource Center (Sant Resous pou Lwa Endyen) a, Interethnic Association for the Development of the Peruvian Amazon an ak Coordination of Indigenous Organizations of the Brazilian Amazon an pral konstwi yon enstitisyon pèmanan ke Endijèn yo ap dirije pou founi asistans teknik ak jiridik esansyèl yo pou ede pèp Endijènn yo sekirize pwopriyete teren yo epi akselere ak amelyore pwosesis tit pwopriyete Endijèn yo nan Meksik, Amerik Santral ak Amerik Disid. 

  • Simonte Rasism Anviwònmantal gras ak Konesans, Itilizasyon ak Chanjman nan Lwa yo nan Kenya, Syera Leyòn ak Etazini.: Atravè mond lan, kominote moun ki pa blan ki majinalize yo soufri yon fason ki pa pwopòsyonèl enpak chanjman klimatik yo ak lòt menas anviwònmantal. Deja, yo pa gen anpil bagay yo ka di nan kreyasyon ak enplemantasyon lwa anviwònmantal ki afekte yo piplis yo. Namati ansanm ak patnè li yo pral ekipe kominote an premye liy yo ak puisans lalwa, konsa y ap ka pwoteje pwòp byennèt yo epi an final rann sistèm gouvènans anviwònmantal yo pi ekitab. Sou plan global, Namati ak manm Rezo Otonomizasyon Jiridik yo pral lanse yon kanpay sansibilizasyon sou politik entènasyonal epi mennen fòmasyon transfontalye sou jistis anviwònmantal debaz.

  • Kawailoa: Yon Modèl Endijèn Transfòmatif pou Mete Fen ak Enkaserasyon Jèn yo nan Hawai’i ak pi Lwen: Nan Hawai’i, jèn Natif natal Awayen ak lòt Abitan Zile Pasifik yo reprezante yon fason ki pa pwopòsyonèl nan sistèm jistis jivenil la. Antanke yon popilasyon ki vilnerab, yo rankontre eprèv ki se faktè endikatif echèk sistemik yo ak defi jenerasyonèl yo, ki enkli fanmi dakèy, toksikomani, trafik moun ak pèt moun byeneme yo. Kolaborasyon Opportunity Youth Action Hawaiʻi, ki reprezante antite kominotè ak etatik (Partners in Development Foundation ansanm ak Kupa ʻAina Farm, Kinai ʻEha, Hale Lanipōlua, Residential Youth Services & Empowerment, Hawaiʻi Youth and Correctional Facility ak Olomana School) nan Kawailoa Youth and Family Wellness Center angaje yo pou ranplase enkaserasyon jèn yo ak yon sistèm restoratif Nasyonal Awayen ki ranfòse kominote yo, fòme jèn gerisè yo ak transfere resous yo ale jwenn sanktyè soutyen ke kominote yo ap dirije e ki fonde sou kilti.   

Defi Ekite Rasyal 2030 la te sou jesyon an patenarya ak Lever for Change, ki se yon filyal ki pa travay pou pwofi John D. and Catherine T. MacArthur Foundation ki konekte donatè ki gen solisyon odasye yo ak pi gwo pwoblèm mond lan—ki enkli pwoblèm tankou inekite rasyal, inegalite jan, mank aksè ak opòtinite ekonomik epi chanjman klimatik.  

“Anbisyon ak kreyativite pwojè ke ekip sa yo pwopoze kite nou avèk anpil antouzyas,” dapre Cecilia Conrad, PDJ Lever for Change. “Nou envite lòt yo nan tout sektè filantwopik, piblik ak prive yo pou ini fòs yo nan finansman loreya yo ak lòt òganizasyon remakab ki patisipe nan Ekite Rasyal 2030 yo nan lide pou defye sistèm ak enstitisyon k ap defann inekite toupatou nan mond lan. Nou gen yon opòtnite kounye a pou nou kreye repèkisyon atravè kominote mondyal nou an ki dwe fè santi yo nan lane k ap vini yo.”  

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou Ekite Rasyal 2030, sou loreya yo ak finalis yo nan wkkf.org/re2030. 

###

W.K. Kellogg Foundation
TW.K. Kellogg Foundation, yon fondasyon endepandan e prive ke antreprenè ki envante sereyal la, Will Keith Kellogg, te fonde nan lane 1930, pami pi gwo fondasyon filantwopik ki egziste Ozetazini. Sa ki te gide WKKF se kwayans li genyen ke tout timoun ta dwe gen opòtinite egal pou yo pwospere, kidonk WKKF travay ak kominote yo pou l kreye kondisyon ideyal pou ede timoun ki vilnerab pou yo ka reyalize tout potansyèl maksimòm yo nan lekòl, nan travay e nan lavi yo.

Fondasyon Kellogg la chita nan Battle Creek, Michigan, epi li travay toupatou Ozetazini ak onivo entènasyonal, epi li travay ak tribi souveren yo tou. Li akòde yon atansyon espesyal nan zòn priyoritè yo kote ki gen anpil mizè ak kote timoun ap konfwonte anpil obstak ki anpeche yo vin gen siksè nan lavi a. Kote priyoritè yo pou WKKF Ozetazini se nan Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans; epi onivo entènasyonal se peyi Meksik ak Ayiti.

Lever for Change
Lever for Change konekte donatè ki gen solisyon odasye yo ansanm ak pi gwo pwoblèm mond lan—ki enkli pwoblèm tankou inekite rasyal, inegalite jan, mank aksè ak opòtinite ekonomik, ak chanjman klimatik. Gras ak itilizasyon yon modèl ekitab e enklizif epi pwosesis dilijans rezonab, Lever for Change kreye konkou pèsonalize ak lòt opòtinite finansman ki adapte. Ekip ak finalis defi ki plase nan pemye ran yo tounen manm Rezo Solisyon Odasye a (Bold Solutions Network)—yon rezo mondyal k ap grandi ki ede sekirize finansman adisyonèl, anplifye enpak manm yo epi akselere chanjman sosyal. Fonde an 2019 antanke yon filyal ki pa travay pou pwofi, pou John D. and Catherine T. MacArthur Foundation, Lever for Change enfliyanse $1 milya nan sibvansyon jiska kounye a epi founi sipò bay plis pase 145 òganizasyon. Pou aprann plis, vizite www.leverforchange.org.  

Related Topics

Racial Equity, News Release

What to Read Next

View Translated Content
1 /
images
Español An Kreyòl
Previous Next

“Empleen el dinero del modo en que crean conveniente, siempre y cuando promueva la salud, la felicidad y el bienestar de los niños.” - Will Keith Kellogg

“Sèvi ak lajan an jan w vle depi se sante timoun, byennèt timoun ak kè kontan pou timoun w ap ankouraje.” - W.K. Kelòg