Rapò Anyèl 2022 a ekspoze enpak konstriksyon sistèm, enstitisyon ak estrikti ki pi ekitab genyen atravè mond lan

Fondasyon an envesti plis pase $298 milyon nan nouvo angajman sibvansyon

Moun pou Kontakte:
Kathy Reincke, kar@wkkf.org
269-969-2079

Jodi a, W.K. Kellogg Foundation (WKKF) te difize rapò anyèl 2022 li a – ki mete an vedèt istwa, videyo, rechèch ki fèt sou teren ak editoryal sou travay ane pase yo ke benefisyè yo, envestisè yo ak patnè k ap travay nan kominote yo te fè. Rapò a baze l yon fason eksklizif sou Every Child Thrives, ki se platfòm dijital k ap rakonte istwa fondasyon an ki souliyen efò benefisyè ak patnè kominotè WKKF yo ap fè pou yo konstwi yon anvi ki pi ekitab pou timoun, fanmi ak kominote yo.   

Rapò anyèl la detaye plis pase $298 milyon nan nouvo angajman sibvansyon, ki enkli plis pase $59 milyon angajman obligasyon ki gen enpak sosyal fondasyon an ki te anonse ann Oktòb 2021. Prèske 40% sibvansyon fondasyon an bay yo konsantre sou efò nasyonal pou chanje sistèm yo ki limite opòtinite ekitab pou timoun ak fanmi yo. Anviwon 60% sibvansyon WKKF bay yo sipòte plas priyoritè fondasyon an nan Etazini nan Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans, menm jan ak Chiapas ak Penensil Yucatan nan Mexico, ak nan rejyon santral ak sidwès Haiti.  

Depi kòmansman pandemi COVID-19 la an mas 2020, WKKF te sipòte òganizasyon yo ak plis pase $1.17 milya pou fè fas ak bezwen ijan yo nan kominote yo nan tout mond lan.  

“Ane ki sot pase a te fè anpil nan nou espere ke n ap kite dèyè enpak pandemi an ki te pi grav yo – malgre sa, benefisyè yo ak kominote yo kontinye ap sibi konsekans inegalite yo k ap ogmante,” dapre sa ki deklara La June Montgomery Tabron, ki se prezidan direktè jeneral WKKF. “Chanjman sistèm ki defini lavi nou yo– edikasyon, lojman, swen sante, transpò, jistis ak ekonomi an – pou yo ka fonksyone pou tout timoun, tout fanmi ak tout kominote, ap nesesite aksyon odasye, men nan men, kolektif. ” 

Nan kè rapò anyèl sa a, Making Systems Work for Every Child, Every Family, Every Community, fondasyon an dekri kijan ekite rasyal ak gerizon rasyal kwaze ak chanjman konduit yo nan sistèm yo ak estrikti yo nan ak ozalantou kominote yo. 

“Gerizon rasyal la ede devlope konfyans nan mitan moun epi retabli entegrite kominote yo, pou yo ka travay ansanm pou chanje sistèm yo ak estrikti yo pou yo afime valè fondamantal tout moun,” dapre sa Tabron deklare. “Gerizon rasyal pa enpòtan sèlman; li jwe yon wòl esansyèl nan kè konstriksyon ekite rasyal la menm.” 

Vizite rapò anyèl la okonplè lyen ki mennen nan paj dakèy la, eta finansye 2022 Kellogg Foundation yo lyen ak plis gran liy sou sibvansyon ak envestisman WKKF yolyen. Rapò Anyèl la disponib ann Anglè, Kreyòl Ayisyen epi Espanyòl. 

### 

W.K. Kellogg Foundation (WKKF), te kreye nan lane 1930 antanke yon fondasyon prive, endepandan gras ak Will Keith Kellogg ki se yon inovatè ak antreprenè nan domèn sereyal pou ti dejene, se youn nan gwo fondasyon filantwopik nan Etazini. Sa ki te gide WKKF se kwayans li genyen ke tout timoun ta dwe gen opòtinite egal pou yo pwospere, kidonk WKKF travay ak kominote yo pou l kreye kondisyon ideyal pou ede timoun ki vilnerab pou yo ka reyalize tout potansyèl maksimòm yo nan lekòl, nan travay e nan lavi yo. 

Fondasyon Kellogg la chita nan Battle Creek, Michigan, epi li travay toupatou Ozetazini ak onivo entènasyonal, epi li travay ak tribi souveren yo tou. Li akòde yon atansyon espesyal nan zòn priyoritè yo kote ki gen anpil mizè ak kote timoun ap konfwonte anpil obstak ki anpeche yo vin gen siksè nan lavi a. Zòn priyoritè pou WKKF Ozetazini se Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans; epi onivo entènasyonal, li travay nan peyi Meksik ak nan peyi d’Ayiti. 

Related Topics

WKKF Headlines

What to Read Next

View Translated Content
1 /
images
Español An Kreyòl
Previous Next

“Empleen el dinero del modo en que crean conveniente, siempre y cuando promueva la salud, la felicidad y el bienestar de los niños.” - Will Keith Kellogg

“Sèvi ak lajan an jan w vle depi se sante timoun, byennèt timoun ak kè kontan pou timoun w ap ankouraje.” - W.K. Kelòg