Kondisyon jeneral sa yo ("Kondisyon Itilizasyon") aplike pou aksè w genyen ak sitwèb sa a ak itilizasyon ou fè ak sitwèb sa a, www.wkkf.org, ke W.K. Kellogg Foundation ("Fondasyon" an) bay. Lè w itilize Sit la, ou konfime ke w li, konprann epi aksepte ni Kondisyon Itilizasyon yo, ni Politik Konfidansyalite Fondasyon an, ki enkòpore la a pou referans.
Politik Dwa Dotè ak Materyèl Prive
Tout tèks ak kontni ki sou Sit la se pwopriyete epi zèv pwoteje ak dwa dotè Fondasyon an ak/oswa moun oswa enstitisyon ki ba l lisans yo epi lwa peyi Etazini ak lwa entènasyonal ki konsène dwa dotè yo, mak komès yo, sekrè komèsyal yo ak lòt dwa pwopriyete entelektyèl oswa pwopriyete yo pwoteje yo.
Yo ka itilize, telechaje, repwodi oswa re-enprime tèks ak lòt kontni ki pa grafik ke Fondasyon an posede epi ki sou Sit la pou objektif benevòl (sa vle di, pa pou fè lajan) sèlman epi sèlman si avi dwa dotè sa a parèt sou tout kopi yo: "© [ane piblikasyon an] W.K. Kellogg Foundation. Tout dwa rezève." Ou pa ka repwodwi tèks ak lòt kontni ki pa grafik ki sou Sit la epi ki pa pou Fondasyon an san konsantman davans ekri pwopriyetè dwa dotè a, kèlkeswa itilizasyon ou gen entansyon fè avè l la.
Yo pa ka itilize, telechaje repwodi oswa re-enprime fotografi, ilistrasyon, zèv oswa lòt kontni grafik ki sou Sit la san pèmisyon davans ekri pwopriyetè dwa dotè a.
Ou paka modifye okenn tèks oswa lòt kontni ki sou Sit la nan okenn fason.
Yo entèdi yon fason estrik nenpòt itilizasyon non Fondasyon an oswa kontni ki gen tèks oswa ki pa gen tèks oswa nenpòt lòt kontni ki sou Sit la pou eksprime oswa enplike apwobasyon, parenaj, afilyasyon oswa asosiyasyon itilizatè a avèk Fondasyon an oswa ke Fondasyon an fè.
Si w pibliye, telechaje oswa rann disponib materyèl ki vyole dwa yon dotè, y ap revoke aksè w genyen ak Sit la epi/oswa y ap anile kont ou yo sou Sit la.
Si yon benefisyè oswa yon itilizatè bay pèmisyon oswa otorizasyon pou mete tèks oswa lòt kontni sou Sit la, pèmisyon oswa otorizasyon sila ap aplike sou tout sitwèb ki afilye ak Fondasyon an, kòm si itilizasyon materyèl la te akòde dirèkteman bay afilye a.
Lè Sit la presize ke gen kèk kontni ki sou Sit la ki lisansye selon kondisyon lisans patikilye, tankou kondisyon yon lisans Creative Commons, kondisyon lisans sa yo ap reglemante itilizasyon, telechajman, repwodiksyon, distribisyon, afichaj, pèfòmans ak modifikasyon kontni sila, san konsiderasyon pou tout dispozisyon kontrè ki nan Kondisyon Itilizasyon yo.
Garanti ak Limitasyon Responsabilite
Fondasyon an konsidere enfòmasyon ki founi sou Sit la kòm enfòmasyon ki kòrèk nan moman piblikasyon inisyal yo epi li ofri yo ak bon entansyon. Poutèt nati enfòmasyon yo epi teknoloji transmisyon ki itilize a, Fondasyon an paka garanti ni fè okenn deklarasyon ke enfòmasyon ki sou Sit la ekzak, konplè oswa ajou; ke Sit la pa vyole dwa okenn tyès pati; oswa ke fonksyònman Sit la pap entèwonp, ap disponib kontinyèlman oswa ap san erè. Konfyans ou nan enfòmasyon ki disponib sou Sit la se pwòp risk pa w.
Fondasyon an rezève dwa pou l fè chanjman ak koreksyon nan Sit la oswa nan Kondisyon Itilizasyon sa yo, nenpòt lè epi san ankenn lòt notifikasyon. Ou dwe verifye Kondisyon Itilizasyon sa yo tanzantan pou jwenn enfòmasyon sou tout chanjman ki fèt nan Kondisyon Itilizasyon yo. Lè w kontinye itilize Sit la apre piblikasyon Kondisyon Itilizasyon revize yo, sa konstitiye konsantman w pou chanjman yo, ke ou li Kondisyon Itilizasyon revize yo, ke w pa li yo.
Sit la disponib pou enfòmasyon sèlman. Enfòmasyon ki sou Sit la pa yon garanti rezilta ke yon itilizatè dwe atenn epi li pa yon deklarasyon garanti (ni eksprès, ni enplisit) sou okenn nan kontni Sit la. NAN LIMIT SA LWA KI APLIKAB LA PÈMÈT, TOUT GARANTI EKSPRÈS OSWA ENPLISIT SOU KONTNI SIT LA EKSPRESEMAN EKSKLI, KI GEN LADAN YO, SAN YO PA LIMITE AK, TOUT (SI GENYEN) MANSYON SOU VALÈ KOMÈSYAL AK ADEKWASYON POU YON OBJEKTIF PATIKILYE. Nan limit sa lwa ki aplikab la pèmèt, ni Fondasyon an, ni yon pati ki enplike nan kreyasyon, pwodiksyon oswa livrezon Sit la pa responsab okenn domaj dirèk, akseswa, konsekitif, endirèk oswa pinisyon ki soti nan aksè w, itilizasyon w oswa enkapasite w pou itilize Sit la, ni okenn erè oswa omisyon nan kontni Sit la. Pandan Fondasyon an pran prekosyon ki rezonab pou pwoteje tèt li kont viris enfòmatik ak/oswa lòt pwogram malveyan sou Sit la, Fondasyon an pa aksepte responsabilite pou yo.
Si w pa satisfè ak yon pati nan Sit la oswa ak youn nan Kondisyon Itilizasyon sa yo, sè l rekou w genyen se sispann itilize Sit la. Si w gen yon kestyon espesifik epi ou bezwen asistans, tanpri, kontakte Fondasyon an avèk detay ki disponib sou lyen "Kontakte Nou" an, ki parèt sou pati anba chak paj Sit la.
Sit ki Lye yo
Sit la ka gen ladan l lyen ki mennen sou resous ak paj wèb ke tyès pati jere. Menm si Fondasyon an bay lyen yo, Fondasyon an pa apwouve sit ki lye a. Kidonk, Fondasyon an pa aksepte responsabilite pou okenn materyèl ki disponib sou oswa ki nan sit tyès pati yo, ni pou itilizasyon tyès pati yo fè ak done pèsonèl ou yo. Fondasyon an pa fè okenn deklarasyon ni bay okenn garanti sou ekzaktitid oswa nenpòt lòt aspè enfòmasyon ki genyen sou lyen sa yo. Fondasyon an rezève dwa pou l retire lyen yo sou Sit la a nenpòt moman, san notifikasyon.
Ou ka konekte ak paj dakèy Fondasyon an sou www.wkkf.org, sou kondisyon ke ou fè sa yon fason ki jis epi legal, men ou pa dwe enplike atravè lyen an ke gen okenn fòm asosiyasyon oswa apwobasyon ant ou menm ak Fondasyon an.
- yon siyati fizik oswa elektwonik yon moun ki otorize pou aji nan non pwopriyetè dwa dotè a;
- idantifikasyon zèv ki pwoteje ak dwa dotè ke ou di ki vyole a (oswa, si gen plizyè zèv ki pwoteje ak dwa dotè atravè yon sèl notifikasyon, yon lis reprezantatif zèv sa yo);
- idantifikasyon materyèl ou di k ap fè vyolasyon an oswa ki objè aktivite vyolasyon an ak enfòmasyon ki sifizan yon fason rezonab pou pèmèt Fondasyon an lokalize materyèl la;
- enfòmasyon ki sifizan yon fason rezonab pou pèmèt Fondasyon an kontakte pati k ap depoze plent la, egzanp, yon adrès, nimewo telefòn ak adrès imèl;
- yon deklarasyon ki di ke pati k ap depoze plent la kwè avèk yon bon entansyon ke moun ki posede dwa dotè a, ajan li, ni lalwa pa otorize itilizasyon materyèl la nan fason ke li enkrimine a; epi
yon deklarasyon ke enfòmasyon ki nan notifikasyon an ekzak epi, sou pèn fo temwanyaj, ke pati k ap depoze plent la otorize aji sou non pwopriyetè yon dwa eksklizif ki ta vyole.
Pou notifikasyon reklamasyon pou vyolasyon dwa dotè sou Sit la, tanpri kontakte:
Office of the General Counsel
PWOGRAM BOUS DETID W.K. Kellogg Foundation
One Michigan Avenue East
Battle Creek, MI 49017
Telefòn: 269-968-1611
Imèl: legal@wkkf.org
Jeneralite
Anyen nan Kondisyon Itilizasyon sa yo pa bay okenn dwa oswa avantaj sou okenn tyès pati. Si yon tribinal konpetan jije ke youn nan kondisyon oswa modalite ki nan dokiman sa a ilegal, envalid oswa pa aplikab, rès kondisyon sa yo ap rete anvigè epi pwodi tout efè yo. Kondisyon Itilizasyon sa yo dwe entèprete, epi relasyon legal ant pati yo dwe detèmine, selon lwa Eta Michigan yo (sof yon règ chwa lwa ki ta mande aplikasyon lwa yon lòt jiridiksyon), avèk konpetans eksklizif nan tribinal eta ak federal Michigan yo.