Istwa & Eritaj

Will Keith Kellogg | W.K. Kellogg Foundation

Yon Fondatè Ki Gen Imilite

W.K. Kellogg, ki te fèt nan yon fanmi ki te gen anpil timoun, nan Midwès Etazini, te abitye nan jere moman difisi. Li te kòmanse travay pou peye pou pwòp rad li lè l te gen laj sèt lane epi a laj 14 lane misye te vin yon vandè ki t ap vwayaje.

Envansyon kònflèks (Corn Flakes) li a lè l te gen laj 46 lane chanje lavi ekonomik li. Kidonk, lè kontab pèsonèl li a te deklare misye se yon milyonè, li deklare “Mwen pa bagay konsa!” Li pa janm santi l konfòtab nan wòl sa a –kòm li te pito wè tèt li tankou gadyen fòtin li an, olye mèt li.

Annapre, li te ekri “Mwen pa janm, nan ankenn moman nan lavi m, gen anbisyon pou m vin rich. Mwen espere tout sa bon Pwovidans la pote pou mwen yo ka itil anpil lòt moun, epi pou m ta konsidere tankou yon sèvitè fidèl.”

Entèvansyon Vizyonè nan Moman Kriz

Nan dat 21 jen 1930, nan mitan Gwo Depresyon an, twa nan kòlèg Mesye Kellogg te fè konfyans yo, te siyen ak konstititif yon fondasyon byenfezans ki pote non l. Yo te defini yon vizyon pou “amelyorasyon sante, bonè ak byennèt timoun, san diskriminasyon ki baze sou ras, kwayans oswa distribisyon jewografik.”

Pandan yon gwo pati nan lane 1930 yo, Fondasyon Kellogg la te travay prensipalman nan vil kote l soti a, Battle Creek, Michigan atravè Pwojè Sante Kominotè Michigan (Michigan Community Health Project, MCHP) a. MCHP te vize obstak pou sante ak sekirite ki te anpeche anpil timoun avanse. MCHP te amelyore edikasyon ak etablisman lekòl Matènèl jiska klas 12yèm ane yo, li te kreye depatman sante piblik ak estanda pou doktè yo epi li te deplwaye yon Eskadwon Vwayajè enfimyè pou sèvi timoun yo ak fanmi yo.

Lekòl Ann J. Kellogg la nan Battle Creek – ki pote non manman Mesye Kellogg – te etabli pratik kote yo te anseye timoun ki gen andikap yo ansanm avèk sa ki pat gen andikap yo. Malgre se te yon lide revolisyonè lè l te louvri nan lane 1931, Lekòl Ann J. Kellogg la te ede rann “entegrasyon” an yon pratik komen epi li kontinye fonksyone.


W.K. Kellogg Foundation

W.K. Kellogg Foundation

Ane Lagè Yo:  Yon Pi Gwo Enpak nan yon Kontèks Mondyal

Nan lane 1939, Fondasyon W.K. Kellogg t ap prepare yon ranfòsman nasyonal travay sante piblik ak edikasyon an, men alaplas li te chanje konsantrasyon l ak enèji l nan lagè ki t ap vini an. Tan lagè a atire atansyon sou enpòtans travay sante piblik la ak nesesite pou fòme doktè ak enfimyè pou prepare. Alaverite, prèske tout lekòl medikal nan peyi Etazini yo te resevwa finansman nan men Fondasyon W.K. Kellogg la pandan epòk sa a. 

Fondasyon Kellogg la te elaji alokasyon sibvansyon yo nan Emisfè Sid la tou avèk plis pase 450 bousdetid pou pwofesyonèl sante latino ameriken yo. Nan peyi Lewòp lagè ravaje a, sibvansyon Kellogg yo te ede relanse epi modènize ekonomi agrikòl yo.

Nan mitan 20yèm syèk: Konstwi Rezo ak Kapasite

Nan lane 1950 yo, Fondasyon Kellogg la te konsantre sou domèn kle preyokipasyon apre lagè a: devlòpman metye ak sistèm manje. Nan devlòpman metye yo, te gen yon nesesite ni pou plis enfimyè, ni pou nouvo kalite pèsonèl swen sante – moun ki okipe ijyèn dan, teknisyen medikal ak administratè lopital. Nan sistèm manje yo, benefisyè sibvansyon yo te devlope premye pwogram vilgarizasyon yo pou konekte konesans syantifik la ak pratik agrikòl yo.

Fondasyon an te pouse limit enstitisyon yo tou pou yo pi byen reponn ak defi sosyete a. Pandan tan sa a, fondasyon an te sipòte devlòpman kolèj de lane atravè nouvo Asosyasyon Ameriken Kolèj anvan Inivèsite (American Association of Junior Colleges, AAJC) a. Finansman aktif pou ekite rasyal yo te kòmanse avèk sibvansyon bay Kolèj ak Inivèsite ki gen Istwa Nwa (Historically Black Colleges and Universities, HCBUs) yo, ansanm ak Kolèj Tribal yo.

Resources

Ane 1980 yo:  Enpak Mondyal

Lè l te gen 50 lane,fondasyon an te youn nan pi gwo òganizasyon byenfezans prive nan mond lan, k ap amelyore lasante, agrikilti ak edikasyon nan kat kontinan.

Nan mitan lane 1980 yo, fondasyon an te elaji pwogramasyon an nan Afrik ostral la. Fas ak apatèd la, bousdetid inivèsitè Fondasyon Kellogg la te ofri Sid-Afriken Nwa yo opòtinite ki te san parèy.

Nan lane 1990 yo, menm jan ak pifò òganizasyon modèn yo, Fondasyon Kellogg la pat pèdi tan pou l te vin chanpyon nan afè teknoloji enfòmasyon men li te rete konsantre sou kominote a – pandan l t ap atenn plizyè milyon moun ki pat gen ase aksè ak teknoloji poutèt pòvrete, analfabetizasyon oswa izòlman jeyografik.

Yon Epòk Transfòmasyon – 2007 ak Lane ki vin Apre yo

Nan lane 2007, pou l te renouvle angajman l parapò ak entansyon Mesye Kellogg yo, fondasyon an te evalye panorama byenfezans la, jan premye administratè yo te fè l la.

Ankèt sa a te mennen nan yon deklarasyon misyon resantre: “Fondasyon W.K.  Kellogg ede timoun, fanmi ak kominote pandan y ap kreye ak ranfòse kondisyon ki bay timoun malere bourad pou yo akonpli reyisit kòm moun pou tèt pa yo e kòm moun ki pote kole nan pi gran kominote a ak nan sosyete a.”

Selon rapò anyèl fondasyon an pou lane 2010 la, “Nan kè evolisyon sa a, gen konstatasyon ke fanmi timoun malere yo viv nan yon ekosistèm kote kondisyon ki kreye vilnerabilite yo a, anpil fwa vin ranfòse epi repete san rete.”

Peryòd etid sa a te mennen gwo angajman – pou li vin òganizasyon antirasis ki pi efikas nan peyi Etazini an, pou l angaje nan yon seri kote pou yon jenerasyon, pou l devlope lidèchip lokal epi pou l revouvle pwomès li pou l swiv egzanp kominote yo pandan y ap fòje solisyon pou pwoblèm pitit yo konfwonte.

View Translated Content
1 /
images
Español An Kreyòl
Previous Next

“Empleen el dinero del modo en que crean conveniente, siempre y cuando promueva la salud, la felicidad y el bienestar de los niños.” - Will Keith Kellogg

“Sèvi ak lajan an jan w vle depi se sante timoun, byennèt timoun ak kè kontan pou timoun w ap ankouraje.” - W.K. Kelòg