Administrasyon

1 / 4
images
Gouvènans Kòd etik Konfli enterè Rapòte konduit ki ilegal oubyen ki pa gen etik
Previous Next

Konsèy administrasyon

Sa ki dirije Fondasyon Kellogg se yon konsèy administrasyon ki gen prezidan fondasyon an ak direktè jeneral li ladan. Administratè nou eli yo se moun ki resevwa divès fòmasyon, ki travay nan divès branch pwofesyonèl e ki soti divès kote sou latè a; an menm tan an tou nou asire nou Eta Michigann kote WKKF te fèt la gen reprezantasyon pa l tou nan konsèy la. Chak administratè pote sajès, konesans, divès pwennvi ak tout yon kantite esperyans nan sal konsèy administrasyon an. Devouman tout manm konsèy la genyen pou misyon nou an ak angajman fèm yo pran pou yo respekte entansyon donatè nou an se bagay ki enpòtan anpil pou ede n byen jere fondasyon an. Administratè yo rankontre chak mwa epi yo gen yon reyinyon chak ane ki rezève pou yo ranfòse jan y ap dirije fondasyon an epi tou gen yon lòt reyinyon ki rezève pou administratè yo al vizite teren kote fondasyon an ap travay yo. Pandan administratè yo ap vizite teren kote fondasyon an ap travay yo, yo rankontre avèk moun nan zòn yo, avèk òganizasyon benefisyè, avèk gouvènman, avèk lidè sektè komèsyal, epi avèk lòt kolaboratè. Vizit sa yo ede administratè vin konprann pi byen difikilte ak opòtinite kominote ki pwen santral sibvansyon nou yo rankontre. Konsèy administrasyon an dirije fondasyon an dapre regleman fondasyon an, dapre lwa ak regleman komite yo epi dapre yon kòd etik ki sou papye. Chak dokiman gide fondasyon an sou plan estratejik, ki rann ni fasil pou nou akonpli misyon nou avèk reyisit epi pou nou bay timoun malere bourad pou yo reyisi lekòl, nan travay ak nan lavi a.

Prezidan ak Direktè Jeneral

Konsèy administrasyon an eli yon prezidan direktè jeneral ki pou egzekite yon estrateji tout moun monte ansanm pou fondasyon an, yon estrateji tout moun dakò youn ak lòt sou li pou fondasyon an. Prezidan direktè jeneral la, travay pre avèk yon konsèy egzekitif ki fèt ak anplwaye kad pou egzekite regleman, ede nan sipèvizyon ak evalyasyon, epi egzekite direksyon estratejik pa mwayen sibvansyon, kominikasyon ak lòt aktivite kon sa. Met sou sa, prezidan direktè jeneral la toujou ap mache pale de ladrès enstitisyonèl fondasyon an epi li toujou ap mete ladrès sa yo ann aplikasyon. Prezidan direktè jeneral la sèvi ak konvèsasyon san rete avèk konpayi, gouvènman, lidè kominotè, lidè pwogram byenfezans, ak palemantè, òganizasyon ki resevwa sibvansyon, savan k ap fè rechèch epi avèk anpil lòt ankò, pou li idantifye opòtinite pou li fè objektif fondasyon an vanse pi devan. Epi tou prezidan direktè jeneral la ki chemen ekip anplwaye fondasyon an pran pandan y ap pousuiv opòtinite sa yo.

Jan konsèy administrasyon sipèvize

Kòm responsab k ap jere fon o non lòt moun, konsèy la sipèvize nan tout aspè aktivite fondasyon an. Pou administratè yo pote sipèvizyon, yo toujou ap egzaminen fason yo bay sibvansyon, yo toujou ap evalye efè travay ak sibvansyon fondasyon an fè. Konsèy la pote sipèvizyon fiskal ak sipèvizyon legal pa mwayen travay senk komite pèmanan li yo: komite kontwòl kontablite a, komite devlopman konsèy la, komite bidjè a, komite salè prezidan direktè jeneral la ak komite finans lan. Se prezidan konsèy la ki nonmen manm komite yo chak ane nan chita pale avèk prezidan an.

Kòd etik la regle konduit moral tout responsab ak anplwaye fondasyon an epi li mete yon kad pou tout moun kenbe yon konduit pwofesyonèl wo nivo.

Tout anplwaye fondasyon an dwe respekte Kòd etik sa a:

Bon konduit pèsonèl e pwofesyonèl

Dirijan ak anplwaye dwe onèt, yo dwe serye ak tout moun y ap fè biznis ak yo, epi ba yo anpil respè.

Respè pou regleman ak kòd etik

Dirijan ak anplwaye konpòte tèt yo yon fason ki respekte lwa ak regleman ki an vigè nan divès peyi kote nou travay.

Bay divèsite valè

Fondasyon an ankouraje pou gen divèsite ak travay avèk tout moun nan fason li pran moun pou travay. Nou ankouraje yon anviwònman travay kote yo bay chak anplwaye valè, kote yo trete chak anplwaye byen, epi kote yo bay chak anplwaye opòtinite pou yo sèvi avèk talan yo ak kapasite yo.

Bon jesyon

Fondasyon an administre fon li ak mwayen li avèk pridans epi li jere tout byen li yo kòm sa dwa. Rapò nou, dokiman nou ak rapò eta finans nou bay deklarasyon egzak ak enfòmasyon piblik byen klè.

Konfli enterè

Pou anpeche gen konfli enterè, lè moun fè sa ki pa bon oubyen sa ki ka pa bon ki ka mennen repitasyon nou ak kapasite nou pou nou bay bon jan travay, fondasyon an mete yon Regleman konfli enterè sou pye.

Gouvènans

Konsèy administrasyon an sèvi kòm yon kò administrasyon endepandan ki responsab pou li fòmile regleman, pran desizyon epi pote sipèvizyon. Tout responsab ak anplwaye respekte lwa fondasyon an. Nenpòt anplwaye ki kwè gen yon moun ki pa respekte Kòd etik la oblije rapòte sa yo kwè a tousuit bay direktè sèvis pou anplwaye yo oubyen bay avoka jeneral la. Tout rapò yo bay sou yon bagay yo sispèk se yon vyolasyon li ye, nou va mennen ankèt sou yo epi nou va pase alaksyon sou yo an prive jan nou kapab. Lè ankèt la fini, fondasyon an va pase alaksyon selon sa li wè ki merite fèt dapre sikonstans yo. Si apre yon ankèt total kapital fin fèt yo jwenn yon anplwaye te vyole regleman Kòd etik la, anplwaye sa a ka sibi sanksyon jiska revokasyon.

Fondasyon an p ap tolere revanj kont okenn anplwaye ki pote rapò ak tout bon lafwa li oubyen ki kowopere avèk yon ankèt y ap mennen sou yon plent.

Lè moun ap travay nan yon òganizasyon tankou Fondasyon Kelòg, sa prezante sikonstans pou gen konfli enterè. Piske nou enterese nan pwoteje fondasyon an pou li toujou rete fèm, pwoteje repitasyon pwogram byenfezans toupatou sou tè a, nou vle egzante tout konfli enterè ki egziste toutbon epi pou nou devwale nèt tout bagay ki ka tounen konfli, epi jere yo.

A. Pou ki moun regleman sa a la

Regleman sa a la pou tout administratè fondasyon an, tout responsab, tout anplwaye ak fanmi yo. Li ann aplikasyon pou tout tranzaksyon fondasyon an ki gen pou wè avèk sibvansyon, kontra, acha, lwaye/lokasyon, envestisman oubyen lòt angajman ki fèt avèk mwayen fondasyon an.

B. Definisyon

Administratè – Moun yo eli epi k ap travay nan konsèy administrasyon Fondasyon Kellogg la.

Responsab – Anplwaye yo eli epi k ap travay nan plas responsab dapre definisyon nan lwa fondasyon an.

Anplwaye – Moun ki resevwa peman nan men fondasyon an epi ki klase kòm anplwaye, anplwaye sou kontra, anplwaye a plentan, anplwaye a tan pasyèl. Se sou menm kondisyon sa yo moun sa yo travay: pwofesyonèl k ap travay nan fondasyon an pou yon ti bout tan.

Fanmi pre – Sa vle di mari, madanm oubyen manman, papa, pitit, pitit pitit oswa pitit pitit pitit, oubyen tou mari, madanm moun sa yo.

Konfli enterè – Yon sikonstans, kit li vre kit se yon bagay moun panse, kote yon avantaj vin jwenn oubyen ka vin jwenn yon administratè, yon responsab, yon anplwaye oubyen yon fanmi pre moun sa yo, poutèt pozisyon moun sa a, poutèt responsablite li oubyen poutèt enfliyans moun sa a nan fondasyon an, oubyen ki kab kreye yon sitiyasyon, kit sitiyasyon an vre kit se yon bagay moun imajine, ki pa nan avantaj repitasyon fondasyon an pou li toujou rete fèm. Yon konfli enterè ka vin devlope lè yon administratè fondasyon an, yon responsab, oubyen yon anplwaye, ki gen pouvwa pran desizyon sou angajman oubyen peman fondasyon an ap bay, epi moun sa a ap travay (oubyen yon fanmi pre moun sa a ap travay) nan yon òganizasyon kòm administratè, direktè, responsab, oubyen anplwaye oubyen nan nenpòt plas kote moun sa a gen pouvwa pran desizyon sou tranzaksyon ki gen pou wè ak sibvansyon, kontra, acha oubyen lwaye/lokasyon, tankou manm yon komite ki gen pouvwa dirije nan òganizasyon an.

C. Deklarasyon konfli

Fondasyon Kellogg p ap pèmèt okenn konfli enterè. Si yon direktè, oubyen yon responsab, yon anplwaye vin okouran yon konfli enterè, kit se yon konfli enterè toutbon kit se yon bagay ki ka tounen yon konfli enterè, moun nan fèt pou li devwale konfli a tousuit yon fason pou fondasyon an kapab chache konnen si gen yon konfli enterè vre, epi pou fondasyon an kapab tabli pwoteksyon pou anpeche yon konfli enterè tabli.

Moun ki gen kesyon konsènan bagay ki ka tounen konfli enterè ak kòman pou moun konprann sa, yo dwe pale de sa avèk avoka jeneral la. Esepsyon ka fèt lè sa nan enterè afè fondasyon an epi prezidan direktè jeneral la apwouve sa. Prezidan direktè jeneral la rezève dwa pou li pran detèminasyon final pou di si yon konfli egziste toutbon vre.

D. Prekosyon

Sibvansyon ak lòt tranzaksyon kapab fèt ant fondasyon an ak lòt òganizasyon, moun oubyen konpayi ki gen kontra oubyen moun ki gen yon relasyon avèk yon administratè, yon responsab, yon anplwaye oubyen fanmi pre dapre prensip ak prekosyon sa yo ki fèt pou anpeche konfli enterè pandan yo pèmèt tranzaksyon jis e rezonab fèt:

Pa gen okenn “swadizan konfli” jis paske yon moun nan fondasyon an gen yon relasyon ak yon òganizasyon ak yon moun oswa ak yon konpayi ki gen kontra ak fondasyon an.

Verite ki enpòtan konsènan yon relasyon oubyen yon enterè nan yon sibvansyon oubyen nan yon lòt tranzaksyon kote yo wè gen chans pou gen konfli enterè, enfòmasyon enpòtan sa yo fèt pou yo devwale anvan apwobasyon. Yo dwe mete bon jan prekosyon sou pye nan pwosesis pran desizyon an pou asire pa vin gen konfli enterè. Tranzaksyon an va parèt legal, jis e rezonab.

Tout dokiman finans pou sibvansyon, pou angajman sibvansyon dwe gen yon deklarasyon ki espoze konfli ki kab fèt e ki entèdi peman bay moun yo idantifye kòm moun ki ka gen konfli enterè.

Yon sibvansyon pa fèt pou l nan avantaj finans yon administratè, yon responsab, yon anplwaye oubyen fanmi pre moun sa yo. Fon ki sot nan yon sibvansyon oubyen nan yon kontra pa fèt pou yo sèvi pou peye salè anplwaye WKKF oubyen lòt depans. Kontra pou sèvis pou fanmi pre yon administratè, yon responsab, oubyen yon anplwaye fèt pou yo deklare yo e yo dwe parèt jis e rezonab pou sèvis ki fèt la.

Yon responsab oubyen yon anplwaye pa dwe sèvi kòm responsab an chèf oubyen responsab an chèf adjwen pou okenn sibvansyon, ni yo pa dwe manadjè okenn kontra pou yon òganizasyon kote moun sa a oubyen yon fanmi pre li se manm konsèy administrasyon oubyen komite ki gen pouvwa deside nan òganizasyon an, se yon anplwaye òganizasyon an, oubyen li gen enterè kòm mèt, oubyen li gen lòt konfli toutbon.

Yon responsab oubyen yon anplwaye pa dwe pran desizyon final pou yon sibvansyon, yon kontra oubyen pou lòt tranzaksyon kote li gen gwo chans pou gen konfli enterè.

Yon administratè pa dwe vote pou okenn sibvansyon oubyen okenn lòt tranzaksyon kote gen konfli enterè. Administratè sa a ka pale de sibvansyon an oubyen tranzaksyon an avèk lòt administratè, responsab, ak anplwaye epi yo ka konte li lè y ap chache wè si gen kowòm. Men, li dwe kite sal la pandan vòt la ap fèt pou tranzaksyon an.

Administratè, responsab, ak anplwaye pa dwe resevwa peman oubyen ranbousman depans pou okenn aktivite, oubyen yon kado ki vo plis pase 50 dola nan men okenn òganizasyon oubyen nan men okenn moun ki gen yon pati nan yon tranzaksyon avèk fondasyon an oubyen gen gran posiblite pou moun sa a gen yon pati nan yon tranzaksyon avèk fondasyon an. Entèdiksyon sa a pa pou moun ki resevwa kado pèsonèl yo ka montre ki pa gen rapò ak biznis fondasyon an, tankou kado yon zanmi bay pou fèt anivèsè. Lè sa nòmal pou administratè, responsab oubyen anplwaye resevwa yon kado nan non fondasyon an ki vo plis pase 50 dola, se fondasyon an yo dwe bay kado a. Konsèy administrasyon an kapab fè esepsyon pou sa.

Pandan responsab avèk anplwaye ap travay nan fondasyon an, yo pa dwe resevwa frè, peman redevans, oubyen lòt avantaj pou atik, liv, pwodui oubyen lòt travay ki baze sou travay yo oubyen akòz travay yo nan fondasyon an. Pwodui ak piblikasyon ki fèt pandan yo nan travay dwe konsidere kòm pwopriyete fondasyon an. Fondasyon an ka chwazi ak pwòp otorite pa l pou li voye peman redevans, frè oubyen lòt lajan li rantre bay lòt òganizasyon byenfezans ki kalifye pou sa, anplwaye a ka rekòmande òganizasyon sa a. Yo va prepare yon memorandòm antant alekri avèk yon anplwaye anvan li siyen okenn akò pou preparasyon tout piblikasyon oubyen pwodui. Yon anplwaye gen dwa kenbe peman redevans oubyen lòt peman li resevwa poutèt travay oubyen pwodui li te fè anvan li te kòmanse travay nan fondasyon an.

E. Afilyasyon ak deklarasyon

Nan moman fondasyon an ap nonmen administratè, responsab ak anplwaye oubyen lè fondasyon an ap ba yo travay, moun sa yo dwe siyen yon Sètifika respè konfli enterè epi tou chak ane yo dwe re-afime deklarasyon konfli enterè a.

Administratè, responsab ak anplwaye ki gen pouvwa pran desizyon sou sibvansyon, kontra oubyen sou lòt tranzaksyon ki gen pou wè ak angajman mwayen fondasyon an, chak ane moun sa yo dwe deklare tout afilyasyon yo genyen avèk òganizasyon, konpayi oubyen moun ki gen kontra ak fondasyon an, ki ta ka kreye konfli enterè. Se responsablite administratè a, responsab la oubyen anplwaye a pou li asire deklarasyon afilyasyon yo toujou ajou.

Fondasyon an gen dwa mande responsab avèk administratè pou yo bay lòt deklarasyon ankò pou respekte kondisyon gouvènman oubyen prensip etik fondasyon an mete sou pye.

Tout anplwaye gen dwa chwazi pou yo deklare nan baz done WKKF la ki afilyasyon yo genyen avèk òganizasyon an avèk moun oubyen konpayi ki gen kontra ak fondasyon an, si yo vle fè sa.

F. Vyolasyon

Si yon moun vlyole regleman sa a, sa ka mennen sanksyon jiska revokasyon nan fondasyon an.

Tout anplwaye ki kwè gen yon moun ki pa respekte regleman Konfli enterè a oblije rapòte sa yo kwè a toutsuit bay direktè sèvis pou anplwaye ouben bay avoka jeneral la. Si yon anplwaye santi li pa alèz pou li rapòte sa nou pale la a, li dwe pale de pwoblèm sa a avèk vis-prezidan jeneral travay fondasyon an oubyen avèk prezidan direktè jeneral la.

Tout rapò yo bay sou yon bagay yo sispèk se yon vyolasyon li ye, nou va mennen ankèt sou yo epi nou va pase alaksyon sou yo an prive selon sa ki dwe fèt nan suiv regleman an ak demach ki dekri nan regleman jan pou moun rapòte konduit ki pa gen etik oubyen ki ilegal.

Fondasyon an p ap tolere revanj kont okenn anplwaye ki pote rapò ak tout bon lafwa li oubyen ki kowopere avèk yon ankèt y a mennen sou yon plent.

Kòd etik la regle konduit moral tout responsab ak anplwaye fondasyon an epi li mete yon kad pou tout moun kenbe yon konduit pwofesyonèl wo nivo.

Tout anplwaye ki kwè gen yon moun ki pa respekte Kòd etik la oblije rapòte sa yo kwè a tousuit bay avoka jeneral WKKF la oubyen bay direktè sèvis pou anplwaye yo. Si yon anplwaye vle, li gen dwa voye rapò nan paj sit entènèt EthicsPoint la dapre endikasyon pi ba la a.

Fondasyon an p ap tolere revanj kont okenn anplwaye ki pote rapò ak tout bòn fwa li oubyen ki kopere avèk yon ankèt y ap mennen sou yon plent. An jeneral yo rele regleman sa a “Regleman sou moun ki denonse yon bagay ki pase”.

Anplwaye avèk lòt moun gen dwa sèvi ak EthicsPoint oubyen yo gen dwa rele nan nimewo telefòn 866.492.3364 pou yo rapòte pwoblèm oubyen vyolasyon san yo pa bay non pa yo oubyen tou yo gen dwa ale sou paj sit entènèt sa a: http://wkkelloggfoundation.ethicspoint.com.

Pou kab pran plis ransèyman sou EthicsPoint, ale sou www.EthicsPoint.com.

View Translated Content
1 /
images
Español An Kreyòl
Previous Next

“Empleen el dinero del modo en que crean conveniente, siempre y cuando promueva la salud, la felicidad y el bienestar de los niños.” - Will Keith Kellogg

“Sèvi ak lajan an jan w vle depi se sante timoun, byennèt timoun ak kè kontan pou timoun w ap ankouraje.” - W.K. Kelòg